Kiyès nou ye

image
image
Kisa ki Fòs Ayiti

Fòs Ayiti se yon inisyativ dirije pa Haiti Adolescent Girls Network (HAGN),

ki vize mete teknoloji ak konesans modèn o sèvis jèn fi ak jèn fanm atravè tout peyi a. Nou kwè ke fòmasyon, aksè ak enfòmasyon, ak sipò lokal kapab transfòme lavi yo epi pèmèt yo soti nan sik vyolans, inegalite ak depandans ekonomik.

Fòs Ayiti ofri yon seri de kou sou entènèt, fasil pou itilize, an kreyòl ak franse, ki kouvri domèn tankou :

  • Edikasyon finansyè ak modèl MUSO
  • Kreyasyon ak jesyon aktivite rantab (AGR)
  • Konpetans pou antre sou mache travay
  • Enèji renouvlab, ak plis ankò

Nou travay ansanm ak mentò kominotè, fòmasyon teknik, ak aktè sivil ak piblik, pou asire tout jèn fi gen opòtinite pou aprann, grandi, epi aji pou chanje lavi yo.

0

Etidyan ki aktif

0

Kou ki enskri

0

Enstriktè sou entènèt

0

Kou sou demann

image
image
image
image
Dekouvri kapasite ou

Gen aksè ak bon kalite fòmasyon sou entènèt​

Pwofite fòme tèt ou nan yon anviwònman ki kreye pou baw bon jan ankadreman pou edew atenn potansyèl ou.

Devlope Konpetans Ou

Platfòm nou an akonpaye ou nan chak etap nan bati konesans ou.

Aprann ak pwòp vitès ou

Se yon opòtinite aprantisaj ki fleksib epi ki gratis.

Fòmasyon aksesib

Kou an kreyòl ayisyen ak tout videyo epi tèks pou fasilite aksè ak plis moun.

image